Pular para o conteúdo principal

ETHNOS_APP

Início • Busca • Periódicos • Lista 0

Lang matènèl, pedagoji entèraktif, lojisyèl edikatif nan Inisyativ MIT-Ayiti

Twa wòch dife » pou bon jan edikasyon ak inovasyon alawonnbadè ann Ayiti

Dados Bibliográficos

ID3954385
AutoresMichel Degraff (0000-0003-0270-2121, autor correspondente)
Ano2016
Volume22
Fascículo2
Páginas128-141
Data de publicação2016-01-01
Peer ReviewedSim
Open AccessNão
TipoARTICLE
PeriódicoJournal of Haitian studies (JOURNAL)
Identificadores do periódicoISSN: 1090-3488 • E-ISSN: 2333-7311
EditoraProject MUSE (PUBLISHER • US)
DOI10.1353/jhs.2016.0040
OpenAlexW2599839226
IdiomaEN
Citações recebidas2
Referências citadas3

ENTWODIKSYON : « MEN ANPIL, CHAY PA LOU » . . . « TWA WOCH DIFE » POU INOVASYON NAN EDIKASYONInisyativ MIT-Ayiti se yon pwoje « men anpil, chay pa lou »' kote edikate nan MIT ak ann Ayiti mete tet yo ansanm pou pataje epi pwofonde espetiz nan plizye domen : Syans, Teknoloji, Enjeniri ak Matematik (« S.T.En.M. ») ; pedagoji enteraktif ki sevi ak teknoloji edikatif ansanm ak lot materyel an kreyol ; Resous Edikatif Lib (sa yo rele « Open Education Resources » ann angle).2 Inisyativ MIT-Ayiti ap devlope epi evalye resous sa yo pou nou pataje yo avek anseyan epi etidyan ann Ayiti nan lespri pou teknik pedagojik moden ak lot resous ki djanm e ki an kreyol rive entegre estrateji pou fomasyon anseyan tou patou nan peyi a. Epi tou, travay sa a ap amelyore pwogram akademik ansanm ak materyel pou anseyman ak aprantisaj S.T.En.M. ann Ayiti.Kon sa, Inisyativ sa a konbine twa fakte inovatif (« twa woch dife ») pou amelyore edikasyon ann Ayiti : (i) pedagoji pou aprantisaj enteraktif ; (ii) lang matenel ; (iii) resous nimerik lib ak lot teknoloji.3 Chak nan twa fakte sa yo gentan fe prev yo nan amelyorasyon aprantisaj tou patou nan lemonn. Kanta aprantisaj enteraktif ki chita sou teknoloji avek resous nimerik lib, MIT se yon lide nan domen sa a-avek platfom tankou MITx epi edX : https://www.edx.org/. Epi metod sa yo deja bay bon jan rannman nan gran inivesite tankou MIT epi nan lot gran enstitisyon k ap fe rechech nan syans edikasyon.Atik sa a pral esplike kote Inisyativ la soti, kote li prale e kote li vle rive. N ap tou pwofite pataje kek lide sou ki jan inivesite ann Ayiti (kit se inivesite prive, kit se inivesite piblik) ka antre byen fon nan avansman Inisyativ la. Se kon sa ni inivesite sa yo, ni peyi a, ni MIT ava rive fe « dekabes » nan kolaborasyon sa a.LANG MATENEL : AVANTAJ BAB E MOUSTACH POU ANSEYMAN, APRANTISAJ EPI DEVLOPMAN PEYI AWi, Inisyativ MIT-Ayiti konbine twa fakte sa yo (aprantisaj enteraktif, lang matenel, teknoloji) pou n modenize epi demokratize sistem edikatif ayisyen an pou mennen l nan direksyon yon edikasyon ki gen bon kalite pou tout moun. An nou enteprete pawol « tout moun » sa a nan yon sans ki lajman laj net-san nou pa mete okenn klas sosyal, okenn rejyon nan peyi a sou kote. Mete sou sa, resous edikatif MIT yo ansanm ak atelye MIT-Ayiti yo vin ede nan devlopman leksik syantifik an kreyol. Sa vin ranfose kapasite ekspresyon lang kreyol la pandan n ap amelyore kalite anseyman ann Ayiti. Sa tou vin bay lang kreyol la plis prestij pandan n ap ede popilasyon an jwenn plis konesans sou konsep syantifik nan lang nasyonal nou an-yon lang ke twop moun toujou ap meprize akoz anpil vye prejije.4 Bay kreyol la plis prestij se yon jefo ki enpotan pou n bati yon nasyon ki fye de lang nasyonal li e de tou sa li ye-pou n bati yon nasyon ki gen konfyans nan tet li, pou peyi a ka devlope san fos kote.5An verite, se tout Ayisyen natif natal ki pale kreyol e pifo nan yo pale kreyol selman lakay yo.6 E poutan, se an franse pifo materyel lekol yo ekri epi se franse ki plis sevi kom lang prensipal pou anseyman ak egzamen. Sa se vyolasyon dwa timoun yo selon deklarasyon Nasyonzini.7 Epi tou, sa se vyolasyon yon prensip fondamantal nan edikasyon ki mande pou anseyman fet nan lang ke timoun yo ka konprann alez.8E fakte lang sa a, kote kreyol la se tankou yon lang ki anba dominasyon lang franse a, tou sevi nan divizyon ant klas sosyal yo kote moun sa yo ki pale kreyol selman yo pa fouti jwenn sevis nan sel lang ki rele yo « che met, che metres ». Ki fe, kreyolofon sa yo bloke ni nan devlopman ekonomik yo, ni nan patisipasyon politik yo. Ata Palman Nasyonal ak tribinal kore apated lengwistik sa a le se plis franse ki sevi nan enstitisyon sa yo aloske pifo popilasyon an pa konprann franse.9 Sa se yon lot vyolasyon dwa moun-yon vyolasyon k ap kwape fonksyonman popilasyon an tou le jou nan preske tout enstitisyon leta yo. An tou ka, pa fouti gen ni egalite ekonomik ni egalite politik si pa ka gen egalite lengwistik konsenan lang nasyonal peyi a-ki se sel lang ki pale alez pami pifo popilasyon an

Biology · Combinatorics · Gene · POU domain · Mathematics · Multilingual Education and Policy · Second Language Learning and Teaching · Genetics

  • Kreyòl, pedagogy, and technology for opening up quality education in Haiti

    Open Access•Michel Degraff, Glenda S Stump et al.•Language•2018

  • An n bati lekòl tèt an wo

    Michel Degraff, Glenda S Stump et al.•Journal of Haitian studies•2018

  • The Use of Vernacular Languages in Education

    William E Bull•International Journal of American…•1955

  • Dechèpiye stereyotip kont lang matènèl la nan sosyete ayisyen an

    Clédicianne Dorvil, Paul A Bélony•Journal of Haitian studies•2016

  • Language and Symbolic Power

    W A Corsaro, Pierre Bourdieu•Social Forces•1992

Obras citantes distintas2
Citações por ano0,25
Intervalo de citações2018 - 2018 (1)
Velocidade de citaçãohistorical
Altamente citadoNão
Tipos de citaçãoNeutras: 1
Ethnos_APP • Projeto Open Source • Licença MIT • Frontend v2.0.0 • Privacidade e Cookies • Documentação da API: api.ethnos.app/docs • Código da API: GitHub • DOI: 10.5281/zenodo.17049435 • Código do Frontend: GitHub • DOI: 10.5281/zenodo.17050053 • cruz.rio.br • Expectantes Misericordiae